Konekte Mete mizik ou
Beats Music Artist Radio Plan Konekte Mete mizik ou
← Estidyo DYNASTY BEATS · BEAT MAKER

Kondisyon pou beat maker yo

Lè w mete yon beat nan vant sou Dynasty Haiti, ou aksepte sa k anba la a. Se yon kontra ant ou menm ak Dynasty Haiti; li la pou pwoteje w ou menm, atis ki achte yo, ak platfòm nan.

1Beat la pou ou

Ou garanti se ou menm ki fè beat la (oswa ou gen tout dwa sou li), epi li pa gen okenn sanp, melodi, lirik oswa anrejistreman ki pou yon lòt moun san otorizasyon ekri. Si yon moun reklame beat la, se ou ki responsab, pa Dynasty Haiti.

2Ou fikse pri w ak pousantaj ou

Ou chwazi pri a an dola ameriken pou chak nivo lisans, ak pousantaj piblikasyon ou kenbe sou chante atis la ap fè a. Achtè a wè tou de anvan l peye. Ou ka chanje yo nenpòt lè, men yon lisans ki deja vann rete ak pri ak pousantaj ki te la lè l te vann lan.

3Lisans estanda a

Chak vant fèt ak kontra lisans estanda Dynasty Beats la (BAZ, PREMYÒM oswa EKSKLIZIF), nan de PDF, kreyòl ak anglè. Ou pa ka ajoute lòt kondisyon pou kont ou. Yon vant EKSKLIZIF retire beat la nan vant pou tout moun, nèt.

4Komisyon 15 % ak peman

Dynasty Haiti kenbe 15 % sou chak lisans ki vann. Rès la antre nan balans ou tousuit epi ou retire l menm jan ak vant mizik (MonCash, Natcash, bank). Si yon vant ranbouse, kredi a retire nan balans ou.

5Apèsi ak fichye yo

Nou fè yon apèsi MP3 ak yon tag vwa pou piblik la koute. Fichye pwòp yo (WAV, MP3, stems) rete nan kòf prive a epi soti sèlman pou moun ki peye yon lisans. Nou pa itilize beat ou pou okenn lòt bagay.

6Nou ka retire yon beat

Dynasty Haiti ka kache yon beat nan makèt la si gen yon reklamasyon, yon sanp ki pa otorize, yon kouvèti ki pa pou ou, oswa yon vyolasyon règ sit la. W ap resevwa yon imèl ak rezon an, epi ou ka reponn. Lisans ki te deja vann yo rete valab.

7Taks

Ou responsab deklarasyon ak taks sou lajan ou touche. Nou ba w yon lis tout lisans ou vann nan Estidyo w.

8Chanjman

Nou ka mete kondisyon sa yo ajou. Si yon chanjman enpòtan, n ap avèti w pa imèl anvan li aplike sou nouvo vant yo.

Ou aksepte kondisyon sa yo lè w pibliye premye beat ou. Dat la ekri sou kont ou.