Nan album: LI-MYÈ-L
Yon jou mwen gen espwa aaa M ap soti nan tou sa aaaa Chak jou m travay pou sa aaaa Efò m y ap banm pousa aaaa d Bondje di travay epi priye Si w ta vle wè limyè w la briye Pawòl li se yon gid li ye Byen suiv yo epi w ap rive eee Reyalize sa ki nan tèt an w Se sèl li menm ki konn vrè plan w Use kapasite w ak Talan an w epi w ap rive Wi Wi mwen soti ba a Wi Wi m ap monte wo o Lavi mwen se yon konba a M ap reyisi l tank on ewo oo Pòt yo gen pou yo Ouvè pou mwen lanati ap souri ban mwen pou m kontinye fè chimen m Pye fwi yo gen pou yo donnen ak tout rekòl m te simen benediksyon ap tonbe sou mwen Bondje Ouvè pòt ak tout sa ki frape Li bay sa l genyen ak Sila ki mande Bay opòtinite ak Sila te eseye Bay kontinyite ak sila k te komanse Wi Wi mwen soti ba a Wi Wi m ap monte wo o Lavi mwen se yon konba a M ap reyisi l tank on ewo oo M pran gwo Elan se pou m fè gwo chout K on sèvolan m ap vole wo tou Pou mwen Bondje gentan trase wout Volan m nan menm, m ap suiv li san dout
Paròl yo ekri pa O-Mark Fruit De Mer
Li louvri tankou yon app, dirèk depi ekran akèy ou. Pa gen store, pa gen telechajman, epi li prèske pa pran plas.
Ou louvri sa a andedan Facebook, donk bouton an pa disponib la. Peze twa ti pwen anwo yo epi chwazi "Louvri nan navigatè" — apre sa tounen sou paj sa a.
Peze pou kontinye koute