Nan album: LI-MYÈ-L
Eee Chak jou moun ap antre soti nan vi nou Gen sa k brize kè n, gen sa tou ki konble vid nou Ooo menm si ou saj pa janm mennen yon vi dou Byen rapid livre kè w, zanmi m met anpil granmoun sou ou Gen moun ki vin nan vi n ak tout plan yo, ak tout tan oooo, pa fout pran yo Veye veye kote w ap pye w pou po fig pa jete w Pou Vye fi pa dejwe w Genyen ki vin sou fòm yon bèl anj Ki vin tire revanj Paske g on moun ki te brize kèèè l Refren Gen moun k antre nan vi w pou fè w kriye Pou fè w pa briye evite yo fò w pa bliye Bedji Si w konnen w te vin la pou w deranje Ou mèt tou chanje plan Bae Ou mèt pase n on plan B Epa pou san rezon ke nou ansanm E m pa gen pwoblèm fanm Si m avè w se paske m bezwen w Eyyy yo te toujou ap di w fòkè Pa nan ti relasyon bòkyè Ou paka di w avè m, w avè l Poutan se mwen w panse w ka fè fòfè (2 fwa) Epa pou san rezon ke nou ansanm E m pa gen pwoblèm fanm Si m avè w se paske m bezwen w Men non m pa chwazi fò w konfyans pousa Machè f on efò ou ka leve nivo a Kabrit gad je mèt avan l antre Piga w janm bay kè ou nèt an antye Menm si w ta wè tout vid yo konble Pran prekosyon yo souvan gen yon plan B
Paròl yo ekri pa O-Mark Fruit De Mer
Li louvri tankou yon app, dirèk depi ekran akèy ou. Pa gen store, pa gen telechajman, epi li prèske pa pran plas.
Ou louvri sa a andedan Facebook, donk bouton an pa disponib la. Peze twa ti pwen anwo yo epi chwazi "Louvri nan navigatè" — apre sa tounen sou paj sa a.
Peze pou kontinye koute