Nan album: LI-MYÈ-L
Yon ti Gason ki sot Jakmèl pou l vin kay tonton l pòtoprens Avèk espwa l kite sa k myèl pou l vin viv la tan kon prens yeah! Poutan se atò bagay yo pa t dous pou li Li te panse li pral f on kout souri Paske li vini kay fanmi l ( kay Fanmi l ) E yo chaje Ak Manni ( chaj ak manni ) Se gran frè Manmi l Yo p ap janm ka nwi l ( ou wo ou wo o wayyy ) Ak desisyon sa li t ap presipite Paske mizè a li t ap prese kite (2fwa) ( o e ou e oooo mizè a l t ap prese kite e e ) sot nan lapli li tonbe nan rivyè kite kay pou l siprime mizè, mizè l yo, mizè l yo Se atò l vin pi mal Tonton Di l pa t pare pou l te resevwa l Nouvèl sa tèlman choke l li tou desevwa l Li t ap pale ak fèmte li tou bese vwa l Li panse vin kay tonton l t ap tou wete kwa l. Misye oblije ap viv Yon vi k reziyab Li panse l t ap ere e vin G on vi ki stab kay tonton l pa fonksyone konsa Se sèl pitit li l trete k on star Kounye a se lari a ki akeyi l Li konn tout kwen nan pòtoprens pa menm pansa k peyi l Li entegre yon gwoup zanmi chak jou l ap rejwi l Pou li yo tou tounon Fanmi nan lari a l fè vi l Move enfliyans, fè l fè nenpòt ki rans Tonbe nan delenkans, san fè vijilans Nan baz la yo pran simaye zam Se li ki vin alatèt tout Vye dram
Paròl yo ekri pa O-Mark Fruit De Mer
Li louvri tankou yon app, dirèk depi ekran akèy ou. Pa gen store, pa gen telechajman, epi li prèske pa pran plas.
Ou louvri sa a andedan Facebook, donk bouton an pa disponib la. Peze twa ti pwen anwo yo epi chwazi "Louvri nan navigatè" — apre sa tounen sou paj sa a.
Peze pou kontinye koute