Nan album: LI-MYÈ-L
Lè w wè n klere n klere nou bèl ( Nou bèl pase lò ) Lè w tande w Tande nouvèl ( Ke nou pral f on nòs ) Se rezilta lanmou plizyè ane (ke nou t ap bati) Gen anpil lèd Moman n pase (Nou pase mati) Tout sa ki bon toujou pran tan Se pa Lanmou 2 ti pantan Si w wè n tankou pwason kraze nan bouyon Avan n met devwa n o pwòp nou te Use bouyon Refren Kay la pran tan l pran tan pou l konstwi Relasyon n pran tan l pran tan pou l bati Si w wè n met bag nan men ti cheri Se paske n konnen demen n pral rejwi ( 2 fwa ) Verse ( adoushine ) Gen sa k sezi lè yo wè apre tout tan sa n toujou ansanm Koz yo te di ke relasyon sa p ap mache m ap pèdi tan M vle fè n konn relasyon sa pran tan pou l bati nou pa febli menm pou eprèv lavi Nou g on kote n soti pou nou rive la O mi amor sa yo ko wè la N ap ret soude o bebe paske moman sa Se moman pa nou li ye Koral Ala dous li dous lè gen 2 moun ki marye Ala dous lè yo pa janm divòse Ala dous li dous( 2 fwa ) Gen anpil fwa, gen anpil fwa n ap presipite pou n nou kouri Marye (O-Mark) Gen anpil fwa Gen anpil fwa nou pa jan m ere anndan fwaye n (Adoushine) Fo n konn youn lòt avan Oooooo Si nou vle tout bon fe avan ( koral)
Paròl yo ekri pa O-Mark Fruit De Mer
Li louvri tankou yon app, dirèk depi ekran akèy ou. Pa gen store, pa gen telechajman, epi li prèske pa pran plas.
Ou louvri sa a andedan Facebook, donk bouton an pa disponib la. Peze twa ti pwen anwo yo epi chwazi "Louvri nan navigatè" — apre sa tounen sou paj sa a.
Peze pou kontinye koute