Nan album: LI-MYÈ-L
Bondje m ap di w Mèsi Mèsi pou gras ou Ou pa janm ban mwen do ou toujou ban mwen fas ou Chak jou k pase m peche eeee Men sa pa anpeche eee ou beni mwen fè m santi m byen fè m Jwenn tout sa m genyen tout sa m bezwen Jodi a mwen vin abòde w yon Senp bagay mwen vin mande w plis pwoteksyon an an alo alo Alo alo alo Alo alo Jezi Se ou k pou di on mo tanpri ede m soti Oly X Alo Jezi m pakapab ankò Menm lè m viktim m gon statut antò Fè m konnen si w tande kri m mwen vle konfime Anba gras ou mwen vle pou mwen konfine Tèlman m fè peche m gen gras veteran Lè m vle chanje vi m satan ap banm deran Malgre tout bagay nan ou mwen gen Lafwa Tankou Nikodèm mwen vle fèt yon lòt fwa Ouhhh Alo, Tanpri papa fè m gras pa banm do hmmmm Di yon mo. Nan dosye m lan sèl ou ki ka di on mo Alo alo alo Alo alo Jezi Se ou k pou di on mo tanpri ede m soti avèk bib mwen Byen louvri m ap priye w m ap pran san m pou m eksplike w tout problem kap manje tout annndan m ansanm ak tout plan ke lavi mwen genyen pou m mande w plis pwoteksyon menm Lè m pa k ba w anyen Pou Chay sa mwen twò Piti li pezem jouk nan kè si se mwen kap potel lap voyem Anba tè Se sak fè m relew Jezi ou menm ki prens de pè Avè w tout pwoblèm ap rezoud e y ap kite m anpè Alo Jeziiiiii lèm vle triyonfe Peche vle met pye sou kou mwe Edem tanpriiiii banm fòs poum lite mvle gen viktwa poum kntinye
Paròl yo ekri pa O-Mark Fruit De Mer
Li louvri tankou yon app, dirèk depi ekran akèy ou. Pa gen store, pa gen telechajman, epi li prèske pa pran plas.
Ou louvri sa a andedan Facebook, donk bouton an pa disponib la. Peze twa ti pwen anwo yo epi chwazi "Louvri nan navigatè" — apre sa tounen sou paj sa a.
Peze pou kontinye koute