KONPA / AFRO /DANCEHALL / REGGAE
Tande m tande
O-MARK FRUIT DE MER
- Pwodiktè: Paul Serge Joe Ritchy
- Otè: Marco Frantz Pierre
100.00 HTG
Nan album: LI-MYÈ-L
Gen sa k ta vle Kraze relasyon n Se paske yo konnen vizyon n Yo eseye bann tak kou Zlatann se lè sa nou vini Strong Se ak defèt nou yo te atann Tankou Fednaelle epi Strong Men konfyans se sèl gadyen k nan kann k ap pwoteje n kont tout Kingkong Yo fè tout sa vle e Yo Di tout sa yo vle e Pou yo wè si n ap vanse e Pou yo wè si n ap plonje Yo pale n mal nou rete la Di n pa nòmal Nou rete la E ooo nou rete la Refren Tande M Tande n p ap ka ansanm Tande m Tande n p ap ka renmen Tande m Tande n p ap ka viv byen Tande m Tande sa woyy Mwen se pwason Bae m se dlo menm pou Yon Segond li p ap bouyi Mwen Lè moral Mwen a zewo avèk pil love li kouvri Mwen Nan vi Mwen li se Yon ewo li p ap janm kite m soufri menm Sevre nou chaje ak defo o Youn konprann lot pou n ka viv byen en Yo fe tout sa yo vle ee Yo Di tout sa vle e Pou yo wè si n ap vanse e Pou yo wè si n ap plonje Yo pale n mal nou rete la Di n pa nòmal nou rete la fè n la moral nou rete la e oo nou rete la Relasyon g on Jan li ye se pa tout Moun ki ka fe li si w koute bouch la sosyete nan Yon Moman ou ka febli Si w ta vle viv ere pa koute sa tout Moun ap Di genyen k la pou deranje e tout Moun yo wè ki ap grandi N ap vanse ak pwojèn yo y ap kontinye gen èn yo sa k te vle n kase chèn yo n ap yo nou renmen yo Oooo oooo oooooo
Paròl yo ekri pa O-Mark Fruit De Mer