masterdji

Master Dji fèt sou non Georges LYS HERARD, 30 me 1961 nan Pòtoprens. Pitit ansyen majistra Pòtoprens lan ak direktè Radio Port-au-Prince, Antoine HERARD. Li fè etid primè ak segondè l’ nan St-Louis de Gonzague. Aprè sa a, li rantre nan Faculté de medecine de l’Université d’Etat d’Haïti kote li pase sèlman yon lane. Fè medsin pat janm entansyon l’, se sou presyon papa l’ li te rive pase grenn lane sa a. Aprè sa a, li pran direksyon Paris kote byen rapid li ta pral kreye yon gwo repitasyon nan klèb yo ak zafè DJ li. Master Dji pat konstwi yon repitasyon nan sektè sa a sèlman men animasyon radio tou. Nan Radio Port-au-Prince (ki pa egziste ankò, ki te sitiye l’ nan stad Sylvio Cator nan kèk chanm anba tribin nan) kote papa l’ te direktè, depi tou piti li te komanse anime ladan l’, ak 16 lane li te gen tan metrize mikwo li trè byen. Kidonk avèk metriz mikwo ak lang fransè a li te genyen, entegre Radio Nova nan Paris kom animatè te fasil pou li. Nan RFI (Radio France Internationale) ak nan Radio Nipone tou nan Tokyo, li te fè yon tan kòm ko-animatè. Aprè kèk lane nan peyi letranje, li te deside tounen nan peyi li. Nan lane 1982, Dji sòti premye mizik li ki pot non « Vakans ». 1985, li rantre nan mond reyalizayon videyo kote li se premye nan sektè sa a. Nan lane 1986, LYS HERARD ranpòte premye pri talan RFI an. Pita 1988, aprè anpil lane travay, li sòti premye albòm li titre « Master Dji » konte plizyè klasik konte sou albòm sa a tankou : Tann pou tann,  Petite fille de trottoir ;  mizik sa yo ki videyo klipe kote li se reyalizatè yo avèk lèd Jean-Pierre Grasset. Pandan li tap fè wout li nan Ipap la a, animasyon an li pat lage l’. Aprè rantre l’ na n peyi a li te fè yon pasaj nan Radio Métropole. Radio Tropic, se la a li ta pral baze l’ ak emisyon l’ lan « Jungle Tropicale ». Nan près ekri, Dji te pran plas tou. Li te dirije pandan 3 lane, 1988 jiska 1991 « Tap tap magazine ». 1990, li met deyò dezyèm albòm li « Politik pa m’ ». Reyalizatè videyo, animatè ak prodiktè radjo, rapè, dansè, kominikatè, mèt nan 3 lang (fransè, anglè, kreyòl), pat sèl sa yo Master Dji te konn fè paske li te yon prodiktè ak promotè atis tou. Haiti Rap & Ragga te prensipal gwoup li mete sou do l’, li te DJ nèg yo tou. Avèk gwoup sa a li sòti twazyèm albòm li « Match la rèd » anba label Declic Communication in France ak katriyèm nan « Maximum Respect », Cross over records nan Miami. Bizarman, papa ipap kreyòl la a te prodwi yon mizik sou dezyèm albòm li an titre « Samedi soir » kote ladan l’ l’ap rakonte jan lavi a parèt nwa pou li yon samdi swa. Avèk SIDA ki tap sikile nan venn li, manje lekosit li, samdi 21 me 1994 nan aswè, fondatè mouvman kiltirèl sa a ki se Ipap Kreyòl nan Krayib la deside fè wwout pou peyi san chapo. Li te genyen sèlman 33 lane. Li pati, kite yon peyi nan profon tristès. Menm ak lanmò li, li te rive pote yon chanjman nan peyi a. Paske pou premye fwa an Ayiti, medja yo ta pral oze pale de sèks, yon jan pou yo te ka sansiblize tout peyi a kont SIDA, pou yo proteje tèt yo, pou nou pa gen pèdi lòt Master Dji. Yon gwo kanpay te tanmen sou tout teritwa a.

 

Aprè lanmò li, anpil moun t’ap poze kesyon eske potorik sa gason te gen tan konnen veritab manman l’ avan l’ale ? Paske pandan lavi l’ li te konnen yon manman ki pat pouse l’, mete l’ nan mond sa a.

 

Antouka Master Dji rete pi gwo ipapè kreyòl paske nan 4 eleman yo, li metrize 3 ki te: dans, rap, DJ. Li te konsakre pratikman 6 denye lane lavi l’ nan trase yon wout pou jèn yo, nan montre yo koman pou yo lite kont sistèm demagòg peyi. Aprè l’ te fin ale, mouvman an te kontinye. Plizyè gwoup ta pral pran nesans tamkou Original Rap Staff, Pentagon Rap Guys, Universal Rap Stars, King Posse, Shaka Dreams, Master’s, elatriye… Jounen Jodi a, si nou ka gen Ipap Kreyòl nan Karayib la a se gras ak li. Pou anpil ipapè, Master Dji pa mouri paske Ipap Kreyòl ap viv toujou!

 

RPlayer